Accessibility links

Breaking News

Etazini-Kolonbi: Prezidan Obama Ankouraje Prezidan Santos nan Efò Rekonsilyasyon Nasyonal yo


Prezidan ameriken an, Barack Obama, ak Prezidan kolonbyen an, Juan Manuel Santos, rankontre nan La Mezon Blanch, nan jounen madi 3 desanm 2013 la, pou yo te abòde kesyon ki gen rapò ak sekirite Etazini ak asistans ekonomik Washington ap bay Kolonbi. Mesye Obama di chita-pale lapè ak rebèl yo se pi bon wout gouvènman kolonbyen an kapab swiv.

Prezidan Santos, bò kote pa l, pwofite de vizit la pou l ensiste sou pwogrè ki fèt nan negosyasyon lapè gouvènman n nan ap fè avèk geriya Fòs Ame Revolisyonè Kolonbyen an, FARC, yon inisyativ Etazini apiyee. Msye Obama te deja diskite sou kesyon sa a pandan yon vizit li te fè nan Kolonbi an 2012 nan okazyon Somè Amerik yo.

Lèzetazini ak Kolonbi gen lontan depi yo tabli relasyon nan domèn sekirite a; men Washington ap rekonsantre relasyon yo sou ranfòsman asistans ekonomik la pandan l ap ankouraje pwogrè nan dosye dwazimen peyi Kolonbi.

Prezidan Obama di siksè 2 peyi yo ranpòte nan domèn sekirite a pèmèt yon diskisyon elaji dewoule sou kowoperasyon ki ka devlope nan domèn edikasyon an, an menm tan ke sa ka fasilite opòtinite ekonomik tou nèf pou pèp kolonbyen an mete sou pwojè ki posib nan deomèn enèjetik ak tekonoloji k la.

Lidè ameriken an te pale dirèkteman de sa l konsidere kòm efò Prezidan Santos ap fè pou l negosye yon pè dirab ak rebèl yo.

Misye Obama di: "Sa pa fasil. Gen anpil defi devan nou. Men le fèt ke lidè kolonbyen an franchi etap sa a, mwen kwè li fè pi bon chwa a, paske li voye bay pèp kolonbyen an yon siyal pou fè li konnen li posib pou nou devlope kèk gwo potansyalite si nou kapab depase konfli a."

Prezidan kolonbyen an, Juan Manuel Santos, bò kote pa l, remèsye Misye Obama pou apui Etazini pote bay pwosesis lapè a nan peyi li.

Prezidan Santos deklare : "Se yon pwosesis k ap mache byen e mwen gen espwa konfli a pral fini yon jou. Gen plis pase 50 an depi san nou pa sispann koule. Apui Lèzetazini ak kominote entènasyonal la enpòtan pou n jwenn yon lapè dirab pou tout moun."

Nan mwa novanm pase a, Prezidan Santos te anonse li pral dèyè yon lòt manda. Advèsè l nan eleksyon an se ansyen minis minans kolonbyen Oscar Ivan Zuluaga ki pran angajman pou l sispann negosyasyon kap fèt ak rebèl FARC yo si se li ki ranpòte eleksyon yo.

Prezidan Obama di li abòde ak Prezidan Santos efò Kolonbi ap deplwaye pou l amelyore dosye dwamoun ak dwa travayè yo lakay li ; e, nan sans sa a, Kolonbi ap sèvi kòm yon ekzanp pou lòt peyi yo. Òganizasyon dwazimen yo, ki kontinye kritike Kolonbi, di fòs sekirite yo, ki itilize pafwa sèvis group paramilitè yo ak geriya yo, ta responsab anbi abi grav ki fèt nan peyi sid-ameriken an.
XS
SM
MD
LG