Accessibility links

Breaking News

Kominote Entènasyonal la Swete Kite kèk Sòlda nan Afganistan Aprè Ane 2014


Otorite Lèzetazini ak Alyans Atlantik Nò a, l’OTAN, ap mete presyon tou nèf sou lidè Afganistan yo pou yo ka pèmèt plizyè milye sòlda etranje rete nan peyi a ke lagè fin ravaje ; yo ta renmen pou sòlda sa yo rete nan Afganistan pandan yon tan ki depase delè yo te fikse anvan an, ki se fen ane 2014 la.

Washington ak l’OTAN vle kèk sòlda rete nan peyi a pou yo kontinye antrene e konseye manm lame afgan an aprè 12 zan lagè e aprè depa sòlda konba entènasyonal yo anvan fen ane 2014.

Prezidan Afgan an, Hamid Karzai, ap reziste pou l pa siyen yon nouvo akò sou sekirite avèk Lèzetazini. Sekretè deta ameriken an, John Kerry –ki tap pale nan katye-jeneral L’OTAN an nan vil Brisèl, nan peyi Beljik-- deklare gen plis bagay ki an je pase relasyon bilateral ant Afganistan avèk Lèzetazini. Washington ap ankouraje lidè afgan yo pou yo pran yon desizyon final anvan fen mwa desanm 2013 la.
XS
SM
MD
LG