Accessibility links

Breaking News

29 Novanm 2013 : 26èm Anivèsè Masak Riyèl Vayan an -


Ayisyen ap make, vandredi 29 novanm 2013 la, 26èm anivèsè masak kote plizyè elektè te tonbe pandan yo te sou liyn pou yo vote nan yon biwodvòt ki te nan Riyèl Vayan nan dat 29 novanm 1987, swa mwens ke 2 lane aprè ranvèsman rejim Duvalier a.

Nan okazyon anivèsè sa a, yon bon pati nan pozisyon an planifye kèk manifestasyon, nan Pòtoprens kou nan pwovens, pou mete plizyè doleyans deyò… Gen ki gen plan al kanpe devan anbasad amerikèn nan nan Pòtoprens pou mande Lèzetazini sispann apui lap bay gouvènman Marelly-Lamothe la.

Nou pwofite anivèsè sa a pou n reflechi sou divès aspè sistiyasyon an nan peyi Dayiti avèk Dr. Sauveur Pierre Etienne, politològ e lidè OPL (Oganizasyon Pèp kap Lite), ki wè avèk nou, antwòt :

--Manifestasyon kap dewoule nan peyi a vandredi 29 novanm nan;

--Vòt ki te fèt mèkredi 27 novanm nan nan Chanm Depite a sou lwa elektoral la

--Epi dosye Repiblik Dominikèn nan kote otorite yo pa sispann voye imigran ayisyen retounen nan peyi yo.

Klike sou « Koute » pou w swiv kòmantè Misye Pierre-Etienne sou dosye sa yo nan mikwo Jacquelin Bélizaire.
XS
SM
MD
LG