Accessibility links

Breaking News

CARICOM Kondane Desizyon Tribinal Konstitisyonèl Repiblik Dominikèn nan


Daprè yon nòt pou laprès ki sòti nan biwo kominikasyon prezidans la nan Pòtoprens, òganizasyon rejyonal CARICOM kondane ak tout fòs desizyon tribinal konstitisyonèl Repiblik Dominikèn nan pran pou l elimine sitwayènte dominikèn plizyè milye moun ki gen orijin ayisyèn, e òganizasyon an mande otorite dominiken yo pou yo retounen sou desizyon an.

Daprè biwo prezidans la, «… Lidè ayisyen an, Michel Martelly, te patisipe nan kòmansman semèn sa a nan yon reyinyon espesyal CARICOM te òganize nan Trinidad Tobago kote delege yo te analize konsekans disizyon tribinal la te pran nan dat 23 septanm pase a. An plis kondanasyon desizyon an, Eta-Manm CARICOM yo denonse le fèt ke Repiblik Dominikèn vyole desizyon Kou Entè-Amerikèn DwaMoun nan te adopte an 2005 sou pratik imigrasyon yo, an akò avèk dispozisyon ki nan Konvansyon Amerikèn dwaMoun nan –yon dokiman otorite dominiken yo te parafe. Se konsa tou, òganizasyon rejyonal la deklare desizyon tribinal la vyole obligasyon entènasyonal Repiblik Dominikèn te pran.

Poutèt sa, Eta-Manm CARICOM yo repete apèl yo te lanse bay Repiblik Dominikèn pou mande l prese pran dispozisyon politik, lejislatif, jidisyè ak administratif ki nesesè pou repare pwoblèm imen desizyon an pwovoke. Kominote a envite peyi ak òganizasyon rejyonal e kontinantal yo pou yo leve lavwa epi egzòte Repiblik Dominikèn pou l retounen sou desizyon an… »
XS
SM
MD
LG