Nan Iran, Prezidan Hassan Rouhani di peyi pral kontinye travay pou l anrichi iranyòm menm lè li pran angajman pou chache gen rapò pozitif avèk kominote entènasyonal la. Nan yon entèvyon ki pase nan televizyon, lidè iranyen an fè konnen peyi li genyen dwa pou l anrichi iranyòm e li pap sispann fè travay sa a. Misye Rouhani –ki pale nan lang nasyonal Iran an, Farsi, deklare:
“Mwen vle bay pèp nou an garanti ke prensip pèp la te tabli a, dwa ki revni pèp la de dwa a, plan-kad de travay Lidè Siprèm nan fikse a, tout bagay sa yo pral aplike jous nan fen negosyasyon yo. Sa vle di, nan peyi sa a, dwa nikleyè nou pral operasyonèl avèk plis fòs e plis klarte. Menm dwa pou n anrichi iranyòm nan fè pati de dwa nikleyè nou e nou pral kontinye egzèse dwa sa a. Operasyon anrichisman ap kontinye menm jounen jodiya, li pral kontinye demen e li pap janm sispann. Se la nou trase limit la. Anrichisman iranyòm pap janm sispann nan peyi Iran, e map repete : Se la nou fikse limit la. Anrichisman iranyòm antre nan limit dwa nou, kit gen moun ki renmen sa, kit gen lòt ki pa renmen sa.”
Misye Rouhani pale konsa kèk jou aprè Iran te dakò pou l siyen yon antant pwovizwa ak manm pèmanan Konsèy Sekirite l’ONU yo (Lèzetazini, Lachin, Lafrans, Lagrand Bretay, Larisi, plis Lalmay) pou l limite yon pati nan pwogram nikleyè l la, kòm kondisyon pou kominote entènasyonal la fè yon relache sanksyon ekonomik kap peze sou do l yo.