Accessibility links

Breaking News

Komemorasyon 50èm Anivèsè Asasina Prezidan John F. Kennedy


Lèzetazini ap komemore 50èm anivèsè asasina Prezidan John F. Kennedy vandredi 22 novanm nan, avèk yon seri de seremoni plis kèk moman silans. Prezidan Barack Obama pase lòd pou drapo ameriken an flote a demi-ma sou tout edifis piblik peyi a e nan tout baz militè ak kazèn lame Lèzetazini an, nan lonè 35èm prezidan ameriken an. Misye Kennedy te tonbe anba bal asasisen nan vil Dallas, nan Eta Tegzas, pandan li te rive sou 3èm ane manda li sou pouvwa a.

Legliz nan vil Dallas, kote defen prezidan an te mouri a, fè sonnen klòch e yo pral kontinye sonnen pandan tout jounen 22 novanm nan. Pral genyen tou obsèvasyon yon moman silans nan divès vil ki te jwe yon wòl enpòtan nan lavi Misye Kennedy. Istoryen David McCullough, ki ranpòte plizyè pri (pami yo genyen Pri Pulitzer a-- pral li kèk ektrè nan diskou Misye Kennedy te fè pandan li te sou pouvwa a –tankou diskou li te pwononse nan jounen prestasyon sèman n nan, kote li te di: “Pa mande sa peyi ou ka fè pou ou; men mande pito sa ou ka fè pou peyi ou”.

Pandan pèp ameriken an ap rann omaj pou 35èm prezidan Lèzetazini an, Ronald César ede nou reviv evennman trajik kote Misye Kennedy te pèdi lavi l la.

Klike sou “Koute” pou w tande repòtaj chèf sèvis kreyòl Lavwadlamerik la, Ronald Cesar.
XS
SM
MD
LG