Accessibility links

Breaking News

Inogirasyon yon Nouvo Pòs Polis nan Karakòl, Nòdès Ayiti.


Pamela Ann White, Anbasadris Lèzetazini nan Pòtoprens, Ayiti.
Pamela Ann White, Anbasadris Lèzetazini nan Pòtoprens, Ayiti.
Ann Ayiti, Anbasadris amerikèn nan Potoprens, Pamela White, ak direktè PNH la (Polis Nasyonal d Ayiti), Godson Aurélus, inogire mèkredi 20 novanm 2013 la yon nouvo komisarya polis nan vil Karakòl, Depatman Nodès peyi a. Diplomat la, ki te pran lapawòl pandan seremini an, fè konnen se gouvènman ameriken an ki te finanse konstriksyon komisasya sa a pou plis pase 2milyon dola ameriken.

Bò kote pa l, chèf polis la te chache kalme kè-sote manm laprès yo ki te rapòte move tretman kèk nan kòlèg yo sibi anba men polisye yo. Misye Aurélus di pa genyen okenn kanpayn sistematik kont jounalis yo ; dayè, si gen repòtè ki ta viktim vove konpòtman yon polisye, yo gen tout libète pou yo note nimewo badj polisye sa a, rapòte ensidna an bay otorite yo epi li garanti otorite yo pral pran tout dispozisyon pou pote koreksyon ki nesesè a, si yo jwenn polisye a egzajere nan egzèsis travay li.

Klike sou « Koute » pou plis presizyon avèk jounalis Rolex Monpremier, direktè-fondatè Radyo Inivèsèl, afilye Lawadlamerik nan Wanament.
XS
SM
MD
LG