Accessibility links

Breaking News

Seremoni Remiz Pri Donè "Meday Prezidansyèl Libète" a nan La Mezon Blanch


Prezidan Obama ki tap pale nan seremoni remis Meday Libète Lèzetazini an nan La Mezon Blanch (20 Nov. 2013).
Prezidan Obama ki tap pale nan seremoni remis Meday Libète Lèzetazini an nan La Mezon Blanch (20 Nov. 2013).
Prezidan ameriken an, Barack Obama, remèt, mèkredi 20 novanm 2013 la, Meday Prezidansyèl Libète a –swa meday donè Lèzetazini an- bay 16 pèsonalite ameriken nan yon seremoni ki dewoule nan La Mezon Blanch.

Se pi gwo distenksyon peyi a kapab ofri yon sivil. Pami pèsonalite sa yo genyen ansyen prezidan Bill Clinton. Prezidan Obama fè konpliman pou kontribisyon ansyen prezidan Clinton te pote nan operasyon sekou yo apre plizyè katastwòf natirèl ki te frape peyi tankou Endonezi ak Ayiti, epi Lwisyàn Ozetazini. Misye Obama di:

“Ansyen Prezidan Clinton te pote kontribisyon li nan operasyon sekou yo apre sounami ki te frape peyi Endonez, apre siklòn Katrina, nan Eta Lwisyàn, e apre trablemanntè ki te frape Ayiti a. Fondasyon li a ak Inisyativ Global li table a ede sove e amelyore lavi plizyè santèn milyon moun."

Lòt moun ki resevwa rekonpans sa a se: twonpetis jazz e konpozitè kibano-ameriken Arturo Sandoval---yon gwo atis ki ranpòte 9 pri mizik Grammy deja. Atis la di li te kòmanse jwe mizik an 1961 e depi lè sa a li pa janm sispann. Pandan Prezidan Barack Obama tap remèt misye Sandoval pri a, li te atire atansyon sou danje atis la te kouri ak risk li te pran pou l devlope gou li pou mizik jazz:

« Arturo Sandoval te tèlman renmen jazz ke jazz te lakòz li ale nan prizon. Se te epòk lagè frèt la ; sèl estasyon-radyo kote li te kapab tande jazz sete Lavwadlamerik, e se te yon bagay danjere pou moun koute Lavwadlamerik. Malgre sa Arturo te deside koute Lavwadlamerik. Apre sa, li te pran egzil Ozetazini menmsi l te konnen trè byen sa te ka lakòz li pa janm wè ankò ni paran li, ni peyi kote li te pran nesans la. »

Stil mizik Jazz Afro-kiben misye Sandoval jwe a, rann li selèb atravè lemond. Li chaje fanatik e l ranpòte anpil twofe ; men li di pa genyen youn ki genyen plis valè nan je li pase Meday Prezidansyèl Libète li resevwa nan men Prezidan Obama mèkredi 20 novanm nan.

Vedèt mizik Country Loretta Lynn, defen chanpyon dwa sivik Bayard Rustin, feminis Gloria Steinem ak animatris televizyon Oprah Winfrey se kèk pami lòt pèsonalite Prezidan Obama onore ak distenksyon Meday Prezidansyèl Libète a. Se Prezidan John Fitzgerald Kennedy ki te kreye distenksyon sa a sa gen 50 tan pou onore sitwayen ki pote bon jan kontribisyon nan domèn sekirite, nan enterè nasyonal Lèzetazini, anfavè lapè nan lemond e ki fè lòt bon reyalizasyon nan domèn piblik la ak domèn prive a.
XS
SM
MD
LG