Accessibility links

Breaking News

Ayiti Politik: Opozisyon an Deside Kontinye Mobilizasyon an Kont Gouvènman an


Ann Ayiti, apre manifestasyon anfavè e kont gouvènman an ki te dewoule sitou nan Pòtoprens nan okazyon selebrasyon 210èm anivèsè Batay Vètyè a, opozisyon politik la di li pral kontinye ak mouvman mobilizasyon an jiskaske prezidan Michel Martelly va bay demisyon n. Lidè opozisyon an leve lavwa pou yo di Prezidan Martelly komèt plizyè vyolasyon konstitisyon an e li pa ka rete sou pouvwa a.

Pandansetan, kèk lòt sektè ap bat bravo pou reyalizasyon gouvènman an. Yo atire atansyon sou le fèt ke, daprè yo, rejim an plas la fè anpil bon bagay pou peyi a nan yon tan relativman kout e li dwe kontinye travay sa a. Genyen nan yo ki lonje dwèt pa lòtbò fwontyè a pou di se komèsan dominiken kap finanse mouvman manifestasyon anti-Martelly yo avèk plan pou yo destabilize gouvènman an –yon akizasyon youn nan lidè opozisyon an, Agwonòm André Victor, demanti.

Klike sou “Koute” pou w swiv yon repòtaj korespondan nou nan Pòtoprens Rotchild François Junior.
XS
SM
MD
LG