Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Prezidan Martelly Mande “Inite Nasyonal” pou Byen Peyi a


.
.
Lendi 18 novanm 2013 la, nan okazyon 210èm anivèsè Konba Vètyè a --swa dènye konba ki te debouche sou endepandans peyi d Ayiti-- Prezidan Michel Martelly lanse yon apèl bay pèp ayisyen an poul mande “inite nasyonal”; paske, daprè li, anyen pa kapab fèt nan divizyon ak goumen.

Misye Martelly pwononse diskou sa a nan katye Vètyè, nan antre vil Kap-Ayisyen kote lapolis te sèvi ak gaz lakrimojèn pou l dispèse moun ki tap manifeste kont gouvènman an epi mande demisyon lidè ayisyen an. Anvan prezidan ayisyen an te kite Kap-Ayisyen, li te fè yon toune a-pye nan lari vil la nan mitan yon bann patizan li.

Manifestasyon pou e kont gouvènman an te dewoule tou nan kapital la, Pòtoprens, kote laplis te entèveni tou pou gaye yon foul ki tap reklame depa Misye Martelly.

Klike sou « KOUTE » pou w swiv yon repòtaj korespondan nou Rotchild François Jr.
XS
SM
MD
LG