Accessibility links

Breaking News

Yon Dezyèm Tou an Desanm pou Prezidansyèl yo nan Chili - Michelle Bachelet Favori


Kandida a la prezidans Michelle Bachelet ap salye patizan l yo aprè rezilta yo montre li devan nan eleksyon an (Santiago, 17 novanm 2013).
Kandida a la prezidans Michelle Bachelet ap salye patizan l yo aprè rezilta yo montre li devan nan eleksyon an (Santiago, 17 novanm 2013).
Nan peyi Chili, sitwayen yo vote dimanch 17 novanm 2013 la pou yo chwazi yon nouvo prezidan pami 9 kandida ki nan kous la. Aprè Sèvis Elektoral la (Servel) fin depouye plis pase 95 pousan vòt yo, ansyen prezidan Michelle Bachelet vini devan avèk 46,75% vwa yo, tandiske kandida ofisyèl la, Evelyn Mathhei, vini an 2èm pozisyon avèk 25, 04 pou san.
Madam Bachelet –ki se yon kandida sant goch- te mennen kanpay li avèk yon platfòm ki chita sou refòm. Se premye fanm ki te dirije Chili kote li te prezidan ant 2006 e 2010. Maria de los Angeles Fernandez se yon espesyalis nan syans politik ak sosyoloji. Menm anvan dewoulman eleksyon an, li te prevwa yon viktwa Bachelet. Li te fè konnen:

« Mwen pa ta etone si Madam Bachelet ranpòte yon viktwa lavalas depi nan premye tou eleksyon an. Men si vòt la ale nan yon dezyèm tou, Madam Bachelet pral gen plis vwa pase nan premye tou a. »

Michelle Bachelèt jwenn apui Alyans Sosyalis-yo (ki te genyen nouvo majorite a nan palman an), Demokrat Kretyen yo ak Kominis yo. Li pwomèt pou l diminye gwo eka ki genyen nan salè anplwaye Leta yo e lap fè pase men nan konstitisyon an ki te ekri sou diktati Augusto Pinochet a ki te pase 17 tan sou pouvwa a.

Puiske okenn kandida pa ranpòte majorite absoli a (swa omwen mwatye vwa yo plis 1), 2 kandida ki devan yo pral fè fas nan yon dezyèm tou nan dat 15 desanm kap vini an. Eleksyon te dewoule tou nan Chili pou tou lè 120 syèj Chanm Bas la epi 20 plas sou 38 ki genyen nan Sena a.
XS
SM
MD
LG