Accessibility links

Breaking News

OBAMACARE – Gouvènman an Anonse Chanjman nan Aplikasyon Nouvo Sistèm Swen Sante a


Prezidan Barack Obama ap pale de prensipal reyalizasyon gouvènman l nan, Lwa sou Refòm nan Sistèm Swen Sante a, nan Sal de Près Brady a nan La Mezon Blanch (Washington, D.C., 14 Nov. 2013).
Prezidan Barack Obama ap pale de prensipal reyalizasyon gouvènman l nan, Lwa sou Refòm nan Sistèm Swen Sante a, nan Sal de Près Brady a nan La Mezon Blanch (Washington, D.C., 14 Nov. 2013).
Prezidan ameriken an, Barack Obama, bay yon konferans pou laprès jedi nan Washington kote li pale de dispozisyon administrasyon n nan ap pran pou l korije pwoblèm ki poze nan sit-entènèt gouvènman an enstale pou moun aplike pou nouvo plan asirans sante a. Misye Obama resevwa anpil kritik poutèt sit la pa travay kòmsadwa e sitou paske li te pwomèt moun ki pa vle kite asirans yo deja genyen, ta kapab kenbe asirans sa a.

Nan konferans deprès la, prezidan ameriken an an di yon pwoblèm kèk moun te konfwonte dènyèman kote yo te kòmanse pèdi asirans sante yo akoz refòm nan, eben, pwoblèm sa a pral rezoud. Misye Obama deklare:

“Sa k enpòtan an, sè ke konpayi asirans yo pral pèmèt tout moun ki gen plan ki sou lis pou anile, kenbe asirans la pandan yon lane, swa jiska 2014; epi yon ameriken ki gen yon plan asirans sante ki anile, pral kapab retabli asirans la pandan menm peryòd tan an.”

Anvan Misye Obama te bay konferans la, prezidan Chanm Depite a, Repibliken John Boehner, te fè konnen pèp ameriken an pa kapab fè La Mezon Blanch konfyans e Kongrè a pa pral kite gouvènman Obama a “detwi pi bon sistèm sante ki gen nan lemond la”. Misye Boehner di :

« Ann klè sou sa ! Sèl mwayen pou nou pwoteje pèp ameriken an kòmsadwa, se pou n elimine lwa sou refòm swen sante a yon fwa pou tout. Pa genyen mwayen pou n ranje lwa sa a. Se yon lwa ki pa kapab ranje. »

Nouvo pwogram asirans sante Prezidan Obama vle mete sou pye a rankontre anpil pwoblèm teknik nan semèn ki pase yo, e sa lakòz popilarite lidè ameriken an bese desann nan nivo li pat janm rive anvan, daprè yon nouvo sondaj nasyonal.

Minis Sante Piblik Lèzetazini an, Kathleen Sebelius, te deklare nan kòmansman semèn nan gen 106 mil 185 moun ki enskri pou nouvo plan asirans la. Chif sa a reprezante apèn yon sekyèm nan 500 mil moun ki, daprè previzyon gouvènman an, tap gen pou aplike pou nouvo plan an pandan premye mwa antre ann aplikasyon Lwa Sou Asirans Sante a --ki se pi gwo reyalizasyon gouvènman Obama a.
XS
SM
MD
LG