Accessibility links

Breaking News

Filipin/Tifon : Repons Gouvènman an kont Kritik li yo

Maren ki sòti abò pòtavyon ameriken USS George Washington ap mete pwovizyon dlo nan yon avyon MH-60S Seahawk pou pote bay popilasyon Filipin nan (Foto 15 Nov. 2013. -- U.S. Navy)
Maren ki sòti abò pòtavyon ameriken USS George Washington ap mete pwovizyon dlo nan yon avyon MH-60S Seahawk pou pote bay popilasyon Filipin nan (Foto 15 Nov. 2013. -- U.S. Navy)
Nan peyi FiIlipin, gouvènman prezidan Benigno Aquino a defann tèt li kont kritik kap di li pa fè ase efò pou l ede popilasyon an apre pasaj Tifon Haiyan ki, daprè dènye kalkil ofisyèl yo, touye plis pase 4 mil moun menm si li posib pou chif reyèl la reprezante plis ke 2 fwa kantite sa a. Pa egzanp, yo repwoche gouvènman an deske li pa prese fè sinistre yo jwenn pwodui premye nesesite moun yo bezwen pou yo kontinye viv: tankou manje, dlo ak materyèl medikal.

Byen bonè nan jounen vandredi 15 novanm nan –swa 8 jou aprè pasaj tifn an-- yon manm kabinè ministeryèl la, minis enteryè a Mar Roxas, rekonèt genyen anpil moun ki pa resevwa ase èd oubyen ki pa resevwa èd ditou nan men otorite yo. Misye Roxas di:

“Nan yon sitiyasyon konsa, pa gen anyen ou ka fè rapidman ase. Bezwen yo kolosal e se bezwen ki ijan. Ou pa ka kite okenn moun sou kote, paske se tout moun an menm tan ki grangou; se tout moun an menm tan ki bezwen dlo; se tout moun an menm tan ki pa gen mwayen kominikasyon, ki pa gen elektrisite. Alòs, se defi sa a nou gen devan nou jounen jodi a. Se kom Jou J a, Jou debakman Normandi a.

Jedi 14 novanm nan, Prezidan Benigno Aquino te vizite yon sant kominotè nan kapital la, Maniy, kote volontè ap prepare valiz plen pwovizyon pou moun ki nan rejyon elwaye yo, kote sekouris poko ka rive yon semèn aprè pasaj tifon an.
Prezidan Aquino deklare:

« Pi ta pwoblèm ki pral poze a, se konnen ki kote nou pral mete tout moun sa yo. Pou le moman ijans la se pèmèt moun yo satisfè bezwen de baz yo, se ba yo manje ak dlo. Bò kote transpò, nou pare ; lajan pou finansman transpò a ak lòt operasyon, deja pare tou. Kantapou chèn distribisyon pwovizyon yo, nap tavay sou sa. »

Pòtavyon ameriken USS George Washington twouve l depi 2 jou deja nan Filipin avèk yon kontenjan bato ak elikoptè kap fè livrezon dlo ak manje, plis lòt pwodui dijans nan vil ki sibi plis dega e ki anrejistre plis viktim pandan pasaj Tifon Haiyan, an palan de vil Tacloban.
XS
SM
MD
LG