Accessibility links

Breaking News

Frans-Prezidansyèl : Elektè yo pral Vote nan Dimanch 22 Avril la


An Frans, kanpay elektoral la ap chofe seryezman nan moman dat premye tou prezidansyèl la ap pwoche. Vrèman vre, sitwayen fransè yo pral jete bilten dimanch kap vini la (21 avril 2012) pou yo chwazi ant prezidan an plas la, Nicolas Sarkozy (yon konsèvatè), ak lidè pati sosyalis la, François Hollande.

Nan mitan semèn nan, Misye Hollande te nan tèt yon meeting de mas nan vil Vincennes kote li fè konnen li genyen gwo espwa se li ki pral ranpòte laviktwa.

Patizan li yo kwè fransè yo plen rezon pou yo apiye kandidati li a, paske li se « sèl espwa pou konbat lamizè e rebay Lafrans pwosperite »

Sepandan, malgre sondaj yo montre misye Hollande devan prezidan Sarkozy nan entansyon de vòt yo, prezidan an plas la pa kwaze bra li ; se konsa tou patizan li I yo pa pèdi espwa.

Anne Versollone, yon elektris 50 tan, anonse li pral vote pou misye Sarkozy ; e manmzèl di pou ki rezon :

"Map vote pou Misye Sarkozi paske li se yon gran prezidan ; epi paske mwen kwè nan Lafrans, paske se yon gran peyi. Misye Sarkozy se yon lidè ann Ewòp e se li ki pi bon pou Lewòp…"

Li pa sèten ditou ke youn nan kandida yo pral ranpòte 50% vwa li bezwen pou l ranpòte prezidans la depi nan premye tou ki pral dewoule dimanch 22 avril la. Nan ka sa a, yon dezyèm tou ap fikse pou mitan mwa me 2012 la.
XS
SM
MD
LG