Nan Irak, branch rezo teworis al-Kaida kap opere nan peyi sa a pwomèt pou l fè yon van-tanpèt vyolans blayi sou tout tèritwa, e li lanse avètisman pou di eksplozyon bonm ki simaye tou patou nan capital la, Bagdad, ak lòt vil jedi 19 avril la, se tou senpleman yon kòmansman.
Deklarasyon sa a sòti bò kote yon gwoup ki rele tèt li « Leta Islamik Irak la »; li poste li sou sit wèb gwoup militan an vandredi 20 avril la. Deklarasyon an di pi lwen :
« Gwoup la ap vize manm lame ak lapolis pou l pran revanj pou yon kanpay anti-sinit ki mache ak zak kraze zo, prizon epi konfikasyon tè sinit yo posede. »