Accessibility links

Breaking News

Ayiti - Nouvo Lwa: Vòt nan Sena a sou Lavaj Move Lajan ak Aktivite Teworis


Ann Ayiti, Sena a vote yon pwojè-lwa sou blanchiman lajan ak finansman aktivite teworis. Sektè komès ak endistri a byen akeyi vòt sa a, paske san yon lwa konsa Ayiti te ka tonbe anba sanksyon entènasyonal ki t ap genyen move konsekans nan domèn finansye a. N ap raple ke Chamm Depite a te deja apwouve pwojè-lwa a.

Yon lòt kote, Senatè Stephen Benoit konfime li menm ak kèk kòlèg avèk li te rankontre ak Prezidan Michel Martelly pou yo te pale de kèk pwoblèm enpòtan peyi a ap konfwonte.

An menm tan, Misye Benoit fè konnen gwoup medyasyon Relijyon pou Lapè envite palman an nan yon rankont sou enpas politik la.

Klike sou « Koute » pou w swiv yon repòtaj korespondan nou Rotchild François Junior.
XS
SM
MD
LG