Pentagon nan –kidonk, Depatman Defans ameriken an-- voye yon pòt-avyon sou kòt peyi Filipin nan kad asistans Lèzetazini ap bay peyi sa a ke yon tifon ravaje.
Pot-avyon USS George Washington deja sou wout avèk 5 mil maren e 80 avyon ki pral patisipe nan distribisyon tout kalite pwovizyon pou sinistre yo.
Pandansetan, asistans entènasyonal la kòmanse ogmante. Lèzetazini anonse l ap bay èd imanitè pou 20 milyon dola. Dènye nouvèl yo pale de 10 mil moun ki ta mouri, tandiske anpil lòt oblije kite rejyon kote yo t ap viv la. Alòske Tifon Haiyan te touche kòt peyi a depi vandredi 8 novanm 2013 la (donk depi 4 jou), jous madi genyen zòn nan Filipin kote sekouris pa ka rive.
Daprè kalkil Nasyon Zini, yon afè de 660 mil moun oblije deplase, paske move-tan an fè l vin enposib pou yo rete kote yo te abite a. Anpil lòt pa genyen ni manje, ni dlo, ni medikaman e nouvèl yo rapòte anpil piyaj ak dechoukaj nan Tacloban, vil dezas la frape plis la.
Yon lòt kote, depi katye jeneral Nasyonzini an nan New York, Sekretè Jeneral òganizasyon mondyal la, Ban Ki-moon, prezante kondoleyans ak apui li bay popilasyon Filipin nan.
Misye Ban deklare : "Nou wè tout imaj trajik ki se move konsekans gwo manman move tan sa a, youn nan pi move tanpèt ki janm rive. Plizyè milye moun viktim. Mwen remèsye tout peyi manm yo pou kontribisyon yo nan efò sekou yo ki dwe al jwenn popilasyon viktim nan dijans nan jou kap vini la yo. Ann nou montre solidarite nou ak pèp Filipin nan nan moman kote lap fè fas ak gwo bezwen."
Nan jounen madi 12 novanm nan, plizyè milye sivivan ap anvayi ayewopò vil Tacloban an, nan pwovens Leyte, kote yap eseye monte abò avyon militè kap mennen operasyon sekou nan rejyon an. Tifon Haiyan pase sou anviwon 41 pwovens nan Filipin. Se pi move dezas natirèl ki frape peyi pòv sa a ki nan pati sidès kontinan azyatik la.