Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Prezidans la ap Chèche Reprann Dyalòg ak Palman an Pou Chèche Solisyon pou Kriz la


Pòtpawòl prezidans la ann Ayiti, Lucien Jura, deklare prezidan Michel Martelly ap fè efò pou repran pwosesis dyalòg la ak palman an avan lontan. Dyalòg la ap santre sou rechèch yon solisyon pou kriz peyi a ap travèse a.

Msye Jura ajoute gen yon rankont k ap fèt jodi a ak Depite manm blòk PSP a (Palmantè pou Stabilite ak Pwogrè), nan kad yon efò nan direksyon konvokasyon a lekstraòdinè chanm depite a pou travay sou lwa elektoral la. Pòtpawòl prezidans la, Lucien Jura, reponn kesyon Jean-Pierre Leroy.

Klike sou “koute” ki agoch paj atik la pou w tande entèvyou ak Lucien Jura a.
XS
SM
MD
LG