Accessibility links

Breaking News

Anbasadè Ameriken an Ann Ayiti Anonse 16 Jou “Aktivism” pou Pwoteste Kont Vyolans sou Medam yo


Reprezantan gouvènman ameriken an ann Ayiti anbasadè, Pamela White, fè anons sa a apre yon tab-wonn li te òganize òganize ak lidè òganizasyon fanm yo nan efò pou konbat abi k ap fèt kont medam yo.

Minis Sante Piblik Ayiti a, Florence Duperval, ki te patisipe nan reyinyon an, pale sou nesesite pou gen yon kanpay motivasyon pou sansibilize tout sektè nan lit pou pwoteje medam yo kont abi.

Anbasadè White fè konnen Etazini ap kontinye apiye efò pou lite kont vyolans k ap fèt kont medam yo e pou pèmèt yo jwe wòl yo nan sosyete a.

Diplomat la a anonse yon kanpay entènasyonal vyolans kap fèt kont medam yo ki rele : « 16 jours D’activisme » kap tanmen 25 Novanm pou rive 10 Desanm 2013.

Klike sou ikon ki agoch la pouw koute deklarasyon Anbasadè White ak Minis Duperval.
XS
SM
MD
LG