Minis edikasyon Lèzetazini an, Arne Duncan, ki t ap vizite Ayiti renouvle angajman gouvènman Obama a pou bay ministè edikasyon nasyonal peyi a yon bon jan asistans.
Nan yon entèvyou responsab ameriken an bay Lavwadlamerik, li anonse yon asistans finansye plizyè milyon dola pou kore ministè a nan divès domèn.
Mesye Duncan di: “Nou pral eseye ede ministè sou divès fason e nan diferan domèn. Youn, Ajans Amerikèn pou Devlopman Entènasyonal (USAID) pran angajman pou l bay ministè Edikasyon Nasyonal yon èd plizyè milyon dola ki va ede plis timoun antre nan systèm edikasyon an. Ajans USAID va dekese fon sa a sou yon peryòd plizyè lane."
Yon lòt kote, minis edikasyon Etazini an ankouraje Palman ayisyen an vote yon lwa sou edikasyon, li di, ki va pèmèt Edikasyon Nasyonal benefisye plis asistans sou yon baz regilyè.
Arne Duncan pwomèt tou pou l ede Edikasyon Nasyonal regwoupe asistans ki pase pa Oganizasyon Non Gouvènmantal yo, ONG. Dapre Mesye Ducan, yon mezi konsa va ranfòse kapasite ministè a.
Pou sa ki konsène kote teknik asistans Gouvènman Obama a, sekretè ameriken Edikasyon an anonse vizit yon ekip teknisyen Ministè Edikasyon Nasyonal ki dwe vini suiv yon atelye fòmasyon isit Washinton nan mwa desanm 2013 la.