Nan peyi la Chin, medya leta fè konnen yon seri ti eksplozyon, ki fèt tou pre biwo pati kominis la nan yon vil nan pati nò peyi a, touye yon moun e blese 8 lòt .
Ajans Chin Nouvèl rapòte kèk ti bonm moun fabrike lakay yo sote tou pre biwo komite provensyal Chang Xi nan vil Taiyuan .
Otorite yo jwenn plizyè grenn klou ak lot materyo pou fè bonm sou sèn eksplozyon yo , e se pou rezon sa a, otorite yo sispèk bonm yo se bonm atizanal.
Bandi abitye itilize mòd materyo sa yo, dekwa pou koze plis dega pami moun k ap pase nan lari yo. Yon temwen deklare bay ajans Chin Nouvel l ke l te kanpe pou limyè wouj an fas bilding nan lè li te wè yon ti otobis sote tou pre a.
Gen lòt moun menm ki di yo te tande anviwon 7 eksplozyon . Foto moun poste sou media sosyal yo montre plizyè veyikil ki sibi kèk ti dega , kote fenèt kraze.
Ensidan sa a rive apeprè yon semèn aprè yon aksidan machine te pwovoke yon eksplozyon mòtèl sou plas Tiananmen nan vil Peken an.
Gouvènman chinwa a te lage responsabilite atak sa a sou do mizilman separatis kap opere nan peyi a.