Accessibility links

Breaking News

Sekretè Deta Kerry bay Alye Etazini yo asitans Sou Pwogram Siveyans Peyi a

Sekretè deta ameriken John Kerry fè konnen kesyon lejitim moun ap poze konsènan pwogram siveyans Lèzetazini an pa ta dwe afekte chita-pale sou echanj komèsyal ki gen pou dewoule ant Lèzetazini ak Inyon Ewopeyèn nan .

Msye Kerry, kap vizite la Polòy di :"Lèzetazini ap revize aktivite siveyans li yo e li pral travay de prè ak alye li yo, dekwa pou asire l ke demach Washington pral antreprann nan sans sa a, se yon demach alye li yo konprann e aksepte . Nou vle tande opinyon alye nou yo . Nou anvi fè yon konvèsasyon sou kesyon an avèk yo . Prezidan Obama byen akeyi opòtinite pou l travay ak alye nou yo. E, bout-pou-bout, si bagay yo byen fèt, e nou pral chache fè yo byen, nou pral non sèlman soulaje kè-sote moun genyen sou pwogram nan , men tou nou pral ranfòse relasyon nou genyen avèk yo nan domèn ransèyman ofiramezi nap pike pi devan. Konsa, nou tout pral santi nou plis an sekirite e kòm konsekans tout bagay sa yo, nou pral pwoteje tou entimite sitwayen yo."

Msye Kerry fè konnen akò sou echanj komèsyal la, se yon akò ki gen pou wè ak kreyasyon djòb e yon konpetisyon mondyal ki kapab debouche sou yon amelyorasyon nan fason moun fè biznis.
XS
SM
MD
LG