Accessibility links

Breaking News

Sena Ayisyen an Konvoke 3 Minis pou Kesyon sou Divès Dosye


Ann Ayiti, Sena a konvoke 3 minis nan gouvènman Martelly-Lamothe-la madi 5 novamn 2013 la pou yo reponn kesyon sou fason gouvènman an ap jere divès dosye.

Senatè Francisco Delacruz, youn nan palmantè ki siyen avi konvokasyon an, di pami dosye yo genyen sa gouvènman an rele «une diplomatie d’affaires », kèk nominasyon Premye Minis la fè e ki pa nòmal daprè senatè yo, kèk ensidan ki te okipe aktyalite a sa pa gen lontan (tankou dosye CSPJ a ak Afè Mèt André Michel la), epi « ogmantasyon pèsonèl kèk anbasad nan Pòtoprens ».

Klike sou “Koute” pou w swiv ekstrè yon entèvyou Senatè Delacruz bay Jean-Pierre Leroy.
XS
SM
MD
LG