Accessibility links

Breaking News

Etazini-Asirans Sante: Prezidan Obama Reyaji sou Pwoblèm Sit-Web Nouvo Plan an


Prezidan ameriken an, Barack Obama, deklare li pran yon responsablite total pou pwoblèm ki poze sou sit-entènèt kote moun ka aplike pou yo benefisye de nouvo sistèm asirans sante a e li pwomèt pwoblèm sa yo pral jwenn solisyon pi vit posib.

Misye Obama, ki te fè deplasman nan vil Boston, Eta Massachusetts, deklare li te baze refòm nan sistèm swen-sante a pou tout Lèzetazini sou yon modèl ki an vigè jounen Jodi a nan Massachusetts ; e si eta sa a te gen pwoblèm pou li mete plan an an aplikasyon, se pa refòm nan sistèm pou tout peyi-a ki pou pa gen kèk difikilte.

Misye Obama deklare: "Si gen moun ki genyen bon ide, ide ki pi bon pase sa k ap pase jounen jodi a nan Massachusetts, ou byen ki pi bon pase sa nou pwopoze pou moun genyen pi bon asirans sante, map twò kontan menm pou m tande yo. Men, se pa sa kap fèt. E tout moun k ap defann ansyen sistèm nan gen eksplikasyon pou yo bay. "

Misye Obama fini pa di gouvènman an pa gen okenn ekskiz pou pwoblèm ki poze sou sit entènèt li a. Sepandan, daprè li, sit sa a fonksyone pi byen pase woutin moun te konn swiv pou yo aplike pou asirans sante.

Yon lòt kote -toujou sou menm dosye a- Minis Sante Lèzetazini an, Cathleene Sebelius, ki tap fè depozisyon devan yon komisyon Kongrè a nan jounen mèkredi 30 oktòb la, pran responsablite tou poutèt sit-web la pap fonksyone byen. Li anonse depatman lap dirije a anplwaye yon nouvo ekip administratè pou repare e jere sit la. Daprè Madam Sebelius, deja genyen amelyorasyon.

Daprè nouvo lwa sou asirans sante a (ke yo rele tou ObamaCare) ameriken ki san asirans sante gen yon delè k ap fini nan dat 31 mas 2014 pou yo achte yon plan asirans ke Leta Federal sibvansyone ; sinon y ap genyen pou yo peye yon amand.

Prezidan Obama resevwa gwo kritik tou nan kèk repòtaj laprès pibliye san pa gen lontan e ki montre gen konpayi ki anile asirans anpil ameriken te genyen aske yo pa konfòme yo ak nouvo lwa a.

Palmantè repibliken yo akize prezidan an deske li vyole yon pwomès li te fè pèp la lè l te di : " si yon moun deja genyen yon plan asirans e li renmen plan an, li pral kapab konsève plan sa a."
XS
SM
MD
LG