Accessibility links

Breaking News

Pwogram VOA Sou Viza Ameriken pou Fiyanse Sitwayen Ameriken


Sèvis Kreyòl Lavwadlamerik la fè yon pwogram lib tribin, nan jounen mèkredi 30 oktòb 2013 la, kote ofisyèl konsila ameriken an bay detay sou jan etranje ki fiyanse ak sitwayen ameriken ka jwenn viza pou yo antre Ozetazini.

Vis-Konsil Levi Shepherd epi Stéphanie Dorsainvil –ki se yon asistan nan seksyon viza imigran/rezidans- sete 2 panelis pwogram nan. Yo te pale depi biwo yo nan Pòtoprens, Ayiti, pou yo te bay oditè yo repons pou kesyon tankou –antwòt- sa nap rapòte la yo:

-Ki chanjman ki fèt nan tip fòmilè moun ann Ayiti dwe ranplli lè yap mande yon viza K-1 oubyen viza fiyanse?
-Kisa ki eksplike chanjman ki fèt nan fòmilè yo?
-Kijan chanjman ki fèt yo kapab afekte kandida pou viza fiyanse yo?
Misye Shepherd ak Madam Dorsainvil te gen pou reponn tou kesyon konsènan lit kont fwòd nan zafè viza, kesyon sou viza imigran oubyen viza rezidans.
Anpil oditè te rele pou yo di kijan yo apresye inisyativ Sèvis Kreyòl la pran pou l prezante yon pwogram konsa. Gen youn ki di –nap site: “Pwogram sa a rann nasyon an yon gwo kokenn sèvis”.

Klike sou “koute”, agoch atik sa a e anba audio, pou w swiv pwogram nan.
XS
SM
MD
LG