Accessibility links

Breaking News

Enstalasyon yon Nouvo Direktè nan Tèt FBI : James Comey


Prezidan Barack Obama enstale James Comey kòm nouvo direktè Biwo Ankèt Federal la (FBI). Nan yon seremoni ki dewoule lendi 28 oktòb 2013 la, lidè ameriken an fè konpliman pou Misye Comey ke li konsidere kòm: “Yon moun ki konnen sa ki byen ak sa ki mal, e ki dispoze aji sou baz sa a chak jou Bondye mete”.

James Comey genyen 54 tran. Se yon ansyen Vis Minis Jistis sou administrasyon George W. Bush la. Pandan peryòd sa a, li te vin gen gwo popilarite lè l te refize aplike yon politik gouvènman an te vle mete sou pye pou l fè mete sou tab dekout telefon kèk sitwayen san lajistis pat bay yon manda pou sa.

Misye Comey ranplase Robert Mueller ki te monte nan tèt Biwo Ankèt Federal Lèzetazini an yon ti tan aprè atak teworis 11 septanm 2001 yo.
XS
SM
MD
LG