Nan vil kote ki genyen yon gwo konsantrasyon Ayisyen nan Dyaspora a, anpil aktivite dewoule nan jou ki pase yo pou make Jounen Entènasyonal Lang Kreyòl yo ki tonbe ane sa a lendi 28 oktòb la.
Sepandan, pou ayisyen k ap viv nan pati sid Eta Florid la –tou espesyalman Ayisyen nan Miami yo- se pa yon grenn jou sèlman, men se tout mwa oktòb la yo itilize pou yo selebre kilti peyi d Ayiti –mizik, penti, kuizin, elatriye- e atire atansyon sou enpòtans eritaj zansèt yo kite pou yo.
Ane sa a, youn nan gwo motè aktivite yo nan Miami, sete konsila jeneral ayisyen an nan vil la ki te òganize yon gwo rankont nan FIU (Florida International University) pou make Jounen Entènasyonal Lang Kreyòl yo.
Klike sou “koute” pou w swiv ekstrè yon entèvyou Serge F. Michel reyalize avèk konsil jeneral ayisyen an nan Miami, François Guillaume 2, sou selebrasyon kilti peyi Dayiti pandan mwa doktòb la nan Sid Florid an jeneral, e espesyalman sou manifestasyon ki make Jounen Entènasyonal Lang Kreyòl yo nan vil Miami.