Accessibility links

Breaking News

Bank Mondyal la Nonmen yon Nouvo Prezidan


Direktè Bank Mondyal yo nonmen yon lòt Ameriken, Jim Yong Kim, kòm prezidan ajans devlopman mondyal la.

Dr. Kim se yon medsen, antwopològ, e prezidan Dartmouth College. Anvan sa a, li te dirije efò Nasyonzini pou konbat SIDA.

Li te kreye yon òganizasyon non-gouvènmantal (ONG) pou amelyore swen sante nan nasyon pòv yo, e te anseye nan Inivèsite Harvard.

Dr Kim pral fè yon manda 5 an k ap tanmen Premye Jiyè k ap vini an. Li pral ranplase Robert Zoellick k ap fini manda l nan mwa Jen k ap vini an.

Dapre yon antant ki pa ofisyèl, se yon sitwayen ameriken ki toujou dirije Bank Mondyal, pandan ke se toujou yon Ewopeyen ki dirije Fon Monetè Entènasyonal.

Se premye fwa te gen konpetisyon ofisyèl pou djòb alatèt Bank Mondyal la.
XS
SM
MD
LG