Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Jistis: Grèv 3 Jou Otorite Pakè yo pou yo Rejte Enfliyans Palman an sou Travay Tribinal yo


Otorite pakè tribinal sivil Pòtoprens la anonse yon arè travay 3 jou, apati vandredi 25 oktòb 2013 la, pou yo pwoteste kont sa yo rele “entèvansyon illegal manm palman an nan administasyon lajistis”.

Ofisyèl pakè a –ki mande solidarite kòlèg yo atravè tout peyi a-- di yo mete mouvman grèv la sou pye pou yo denonse le fèt ke yon gwoup palmantè te antre daso nan lokal pakè a pandan sibtiti komisè gouvènman an ta pral entèwoje avoka Andre Michel epi yo libere li. Mèt Michel te konparèt devan pakè a pou l te reponn kesyon konsènan akizasyon kriminèl ki tap peze sou do l.

Klike sou “ koute” pou plis pesizyon avek komisè gouvènman Pòtoprens la, Mèt Francisco René.
XS
SM
MD
LG