Accessibility links

Breaking News

Lidè Ewopeyen yo Denonse “Espyonaj Lèzetazini sou Apèl Telefonik yo”


Ann Ewòp, Lalmay ak Lafrans egzije pou Lèzetazini sispann fè espyonaj sou peyi sou kontinan an, e yo vle jwenn yon akò zewo-tolerans sou kesyon sa a anvan ane 2013 la pran fen.

Chanselye alman an, Angela Merkel -ki tap abòde dosye a nan jounen jedi 24 oktòb la- fè konnen Prezidan Barack Obama ba l garanti okenn ajans Lèzetazini pap siveye ni anrejistre apèl telefoknik li --yon demanti pou nouvèl ki te parèt nan laprès ewopeyèn, pi bonè nan semèn nan, e ki te di kòmkwa Ajans Sekirite Nasyonal ameriken an (NSA) te swiv konvèvasyon telefonik chèf gouvènman alman an.

Vrèmanvre, pandan Madam Merkel ap patisipe nan somè peyi manm Inyon Ewòp la nan vil Brusèl, nan peyi Beljik, li deklare li pale nan telefòn avèk Prezidan Obama e li di li kareman afè pou Washington ap fè espyonaj telefonik sou peyi ewopeyen yo, se pa yon bagay ki akseptab ditou-ditou.

Chanselye a deklare: "Nan pwen nou rive la a, mwen panse sa k pi enpotan an, se pou n chache jwenn nan lavni yon baz, yon akò-kad kote nou ka opere an tout konfyans. Mwen di Prezidan Obama sa jodi a: Nou oblije travay pou n rebati konfyans antre nou. Sa vle di, genyen gwo gwo kriz konfyans, e peyi manm Inyon Ewòp la pale jodi a pou yo fè konnen se yon bagay ki ba yo kè-sote."

Chèf gouvènman alman an kontinye pou l di li pwomèt pou l fè yon ekip a-2 avèk Prezidan fransè a, François Hollande, pou yo fè Lèzetazini rann kont poutèt li vyole yon alyans ki te egziste ant Washington ak peyi ewopeyen yo.

Lidè ki fè pati Konsèy Ewòp la ak Komisyon Ewòp la fè konnen patnèship yo ak Lèzetazini dwe baze sou konfyans ak respè, espsyalman pou sa ki konsènen travay 2 pati yo ap fè ansanm nan domèn sèvis sekrè a.
XS
SM
MD
LG