Accessibility links

Breaking News

Somè Dèzamerik la Ap Kòmanse Samdi nan Katajèn, Kolonbi


Prezidan Barack Obama ap salye foul la pandan li rive nan Katajèn. A dwat li, ambasadè ameriken an nan Kolonbi, Michael McKinley.
Prezidan Barack Obama ap salye foul la pandan li rive nan Katajèn. A dwat li, ambasadè ameriken an nan Kolonbi, Michael McKinley.
Jounen vandredi 13 avril 2012 la te trè chaje isit nan Katajèn, syèj 6èm Somè Dèzamerik la. Vè 11 ze 45 nan maten te genyen sa otorite yo nan l´OEA ak komite oganizatè gouvènman kolonbyen rele: <<Dyalòg Minis Afè Etranjè yo avèk aktè sosyal yo.>> Nan tèt dyalèg la, te genyen Madam Hillary Clinton, chèf dillomasi Lèzetazini an. Sekretè Deta Clinton te pale, antwòt, de travay ki nesese pou pote pwogrè sosyal ak ekonomik nan Amerik yo ak apui sektè prive a kapab pote nan reyalizasyon pwogram ki bati nan sans sa a.

Te genyen tou yon fowòm sou tèm: <<Enfrastrikti entelijan pou devlopman dirab>>,
kote patisipan yo pale de ki fason, avèk yon plan estratejik apwopriye, yon peyi oubyen yon òganizasyon kapab travay avèk efikasite pou l reyalite bon rezilta Ansuit sete yon fowòm ki rele <<Kontak ak Chèf Deta yo>>, yon espas pou prezidan ki te deja rive yo fè tande vwa yo devan kek gwoup espesyal ki te reprezante sektè priva a. 2 pèsonalite ki te anime fowòm sa a sete Sebastian PiÑera, Prezidan chilI a, avèk Jose Mujica, Prezidan Repiblik Irigwe.
Nan apremidi, pami aktivite ki te atire plis moun yo, te genyen yon pwogram avèk chantez kolonbyèn ki gen renome entènasyonal Shakira. Vedèt la pale an tan ke prezidant-fondatris yon òganizaton ki rele an espayòl <<Fundaciòn Pies Descalzos>>, sètadi, Fondasyon moun pye atè yo. Sharika atire atansyon sou sitiyasyon moun pòv yo, moun rele <<pèp san vwa a>>, ak nesesite pou responsab yo ouvè je sou yo.
Anvan apremidi a te fin pase, avyon Prezidan Barack Obama, lidè Lèzetazini an, te ateri nan ayewopò entènasyonal Katajèn nann, kote Prezidan Juan Manuel Santos ak yon òkès militè te prezane pou swete l byenveni. Nan sware vandredi a, Misye Obama ap patisipe nan yon dine donè gouvènman kolonbyen an ap òganize pou diyitè kap patisipe nan Somè Dèzamerik la.

Men yon ekstrè nan kominikasyon Sekretè Deta Hillary Clinton mete devan delege ki te patisipe nan << Dyalòg Minis Afè Etranjè yo ak Sektè Prive a>>:

<<Nou vle pou gouvènmen tout peyi --non sèlman sa ki isit la, men tout lòt yo atravè lemond-- amelyore sekirite sitwayen yo, mete fen nan enpinite, ranfèse respè dwamoun, epi konsolide chans pou moun yo fè ekonomik,
Nou fikse yon atansyon espesyal sou diskriminasyon ak entolerans. San di pètçt, kesyon sa yo se kesyon anpil peyi deja poze. Lè m te antre la a, mwen te tande yon moun ki tap pale de latino nwa yo. Eben, kite m di nou jounen jodi, nou menm, Ozetazini, nou genyen yon presidan ki nwa. Nou wè tou kisa sa vle di, kisa sa senbolize;men, an menm tan tou, nou byen konnnen travay nou poko fini. Alòs, nap tabli patenarya avèk peyi tankou Kolonbi ak Brezil pou n eseye elimine diskriminasyon etnik e rasyal, epi ankouraje egalite.

Pandan nou tap prepare 6èm Some Dèzamerik la, sete yon plezi pou n te apiye
pwopoziyon ki te mande pou n te braze lide sa yo, pou n pale de enklizyon sosyal, travay pou n pèmèt tout moun gen plas yo bo tab la, pou n bay moun ki soti nan ras nwa yo, moun ras endijèn yo, plas yo nan tout nivo sosyete a.

Se yon plezi pou n di tou medam yo te gen yon plas devan nan travay pou prepare somè sa a. Epi, sete yon plezi espesyal pou mwen le m te parèt isit la, premye prezantasyon m te tande, sete yon prezantasyon sou mwayen pou n pwoteje dwa medam yo nan emisfe sa a. Mwen di nou mèsi deske nou soulve pwoblèm sa, mèsi deske nou mete li sou ajanda somè a.

Isit nan Kolonbi, se yon fyète pou nou tabli patenarya avèk gouvènman an, yon patenarya kote nou envesti 61 milyon dola pou ede sitwayen kolonbyen ki sòti nan ras nwa a ak sila yo kap viv nan kominote endijèn yo.
Avni nou pral depann de fason nou va tradui ide sa yo, diskou nou fe la yo, pou yo tounen aksyon konkrè....>>

Madam Hillary Clinton, Sekrete Deta Lezetazini an, te pale konsa vandredi 13 avril 2012 la, yon jou avan inogirasyon ofisyel 6èm Somè Dèsamerik la.

J. Lyonel Desmarattes
Anvwaye Espesyal Sèvis Kreyòl VOA,
6èm Somè Dèzamerik, Katajèn, Kolonbi
13 avril 2012
XS
SM
MD
LG