Mize Naval Karayib Katajèn nan, nan pati nò Kolonbi, egziste depi 16èm syèk la. Nou jwenn li anndan miray ki antoure vil la. Li òganize ekspozisyon an pèmanans sou sijè tankou: istwa naval vil Katajèn Dèzend (Cartagena de las Indias), istwa navigasyon, Fòs Naval Kolonbi a, san bliye enfòmasyon sou navigasyon nan tan modèn yo. Ou kapab jwenn la tou kèk pyès mize sou epòk kolonyal la e sou premye ane Kolonbi kòm yon peyi endepandan.
Mize a genyen 2 gwo batiman; genyen 2 jaden ki separe yo. Chak batiman genyen 2 etaj e yon eskalye mennen nan 2èm etaj la. Batiman ki sou kote wès la rele <<La Colonia>>; yo te bati li pandan 2èm pati 17èm syèk la. Li te sèvi kòm premye lekòl Pè Jezuit yo nan tout Amerik yo; ansuit Wa Chal 3 (Rey Carlos III de España) te destitiye lòd katolik sa a ki pat gen dwa posede anyen nan lanpi espayòl la. Apre sa, an ane 1768 ak ane 1885, batiman marasa a te vin sèvi kòm lokal yon lopital ki te rele an espayòl El Hospital San Juan de Dios.
Batiman ki sou pati lès la, li menm, rele <<La Republicana>>. Yo te bati li nan kòmansman ane 1900 yo kòm katye general La Marin de Gè Kolonbi a (La Marina de Guerra Colombiana) ki te fèk kreye lè sa a. An 1984 Fòs Naval Kolonbi a, Pè Jezuit yo ak kèk lidè lokal te mete efò yo ansanm pou yo te lanse kèk travay renovasyon; epi yon ane apre sa, an 1985, l´OEA avèk CARIMOS (abreje espayòl pou Oganizasyon Gran Karayib la pou Moniman ak Lye Istorik) te apwouve yon pwopozisyon anbasadè kolonbyen nan Repiblik Dominikèn, Mauricio Obregòn, te lanse. Lide a sete pou yo te fonde yon mize naval pou tout rejyon karayib la.
An 1986, nan reyinyon entènasyonal komisyon ki tap prepare selebrasyon 5èm santnè dekouvèt Lamerik la, pati konsène yo te apouve pwopozisyon Anbasadè Obregòn nan. Nan dat 26 fevriye 1888, menm pati yo te tabli ofisyèlman Fondasyon Mize Naval Karayib la, yo te apwouve kondisyon legal yo, epi yo te chwazi diplomat kolonbyen de karyè Mauricio Obregòn kòm presidan fondasyon an. Vis-amiral Eduardo Wills te vin responsab administrasyon pwojè yo, epi misye te lanse travay restorasyon ak amenajman edifis la. Se L´OEA ki te finanse premye etid achitekti a -yon finansman ki te pase pa CARIMOS avèk Fòs Naval Kolonbi a.
Objektif Mize Naval Karayib la se:
-Pèmèt moun pi byen konprann istwa naval rejyon Karayib la;
-Konsève e ekspoze pyès atizanal istorik epi bay enfòmasyon ki gen rapò avèk ista naval Karayib la;
-Fasilite devlopman akeyoloji sou-maren Karayib la;
-Anfen sèvi kòm yon kolaboratè pou lòt mize nan Kolonbi ak peyi manm òganizasyon kote Kolonbi genyen reprezantan li.
Lyonel Desmarattes
Anvwaye Espesyal Sèvis Kreyòl VOA,
Katajèn, Kolonbi,
13 avril 2012