Accessibility links

Breaking News

Hinche: Atelye Fòmasyon Sou Tretman Dlo Ak Amelyorasyon Kondisyon Sanitè

Diferan entèvenan dinepa nan vil ench vandredi 23 oktòb 2013 la. Foto Vénus Louis, Jounalis Sitwayen Ayisyen
Diferan entèvenan dinepa nan vil ench vandredi 23 oktòb 2013 la. Foto Vénus Louis, Jounalis Sitwayen Ayisyen
Direksyon Nasyonal Dlo Potab ak Sanitasyon (Dinepa) ki responsab distribisyon ak kalite dlo moun ap bwè nan peyi Dayiti, tanmen yon seminè pou teknisyen Ajans lan ede abitan vil Ench, nan sant peyi a, jwenn bon dlo pou yo bwè dlo e aprann yo pratike règ lijyèn de baz yo.

Pwogram sa a ki tanmen mèkredi 23 oktòb la tonbe nan kad Plan DINEPA pou l ede popilasyon an aprann kouman pou l pwoteje tèt li kont maladi moun trape nan bwè move dlo, paske souvan abitan yo panse dlo klè vle di “bon dlo pou w bwè” alòske se pa toujou vre.

Josué Joseph, korespondan Lavwadlamerik nan rejyon an di enstitisyon ameriken “Sant pou Kontwòl Maladi ak Prevansyon an, CDC” nan vil Atlanta, Eta Jòji, Ozetazini se youn nan òganizasyon ki bay Dinepa asistans teknik e finansye pou reyalize pwojè sila a.

Pami lòt òganizasyon ankò ka p ede nan finansman pwogram nan gen Bank Mondyal ak Ajans Espayòl Pou Kooperasyon Devlopman Entènasyonal.

Fè yon klik sou ikòn ki agoch la pou w koute repòtaj Josué Joseph la.
XS
SM
MD
LG