Accessibility links

Breaking News

Ogmantasyon Nivo Chomaj la Ozetazini


Kantite moun ki siyen pou yo resevwa asitans chomaj isit Ozetazini monte rive a 13 mil semèn pase a.

Depatman travay Lèzetazini fè parèt yon rapò ki fè konnen yon total 380 mil nouvo moun ki pèdi travay yo mande konpansasyon pou premye fwa; sa ki pouse kantite moun ki mande asistans chomaj monte rive nan nivo ki pi wo li janm rive nan 2 mwa.

Ajans nouvèl yo fè entèvyou ak kèk analis ki fè konnen te gen pwogrè ki fèt sou mache travay Ozetazini, men ameliorasyon sa-yo ap mache o ralanti.
XS
SM
MD
LG