Accessibility links

Breaking News

Arestasyon Avoka André Michel, Malgre Pwotestasyon Plizyè Sektè nan Pòtoprens


Ann Ayiti, avoka militan André Michel pase nwit la nan komisarya Pòtoprens la aprè lapolis te arete l poutèt li t ap sikile abò yon machin lajitis te swadizan ap chache.

Nap raple Mèt Michel te nan mitan aktyalite a aprè li te akize manm fanmi prezidansyèl la deske yo mele nan korisyon. Avoka a te poze kesyon pou l mande kijan fè Madan Prezidan Michel Martelly, Sophia, avèk pitit gason koup prezidansyèl la, Olivier, ap jere plizyè milyon dola lajan leta alòske ni youn, ni lòt pa okipe yon pòs piblik ki ta ba yo dwa jesyon sou lajan sa a ?

Yon lòt kote, sa pa gen lontan, André Michel te resevwa yon manda pou l te konparèt devan lajistis epi reponn kesyon konsènan lanmò yon jenn etidyan. Akizasyon tap peze sou do mèt la kòmkwa li ta gen a revwa ak lanmò sa a.

Pou sa k gen rapò ak arestasyon an, sous ki pwòch lapolis fè konnen ajan de lòd yo mete men sou avoka a paske li te refize obeyi lòd li te resevwa pou l desann machin nan.

Dènye nouvèl yo fè konnen otorite lajistis yo ap voye Misye Michel nan tribinal nan jounen mèkredi 23 oktòb la e li ka jwenn liberasyon li si lajistis pa resevwa okenn lòt akizasyon kont li.

Klike sou “koute” pou w swiv yon repòtaj korespondan nou Rotchild François Junior.
XS
SM
MD
LG