Accessibility links

Breaking News

Endonezi: Responsab yo Leve Alèt Sounami nan Rejyon an


Responsab nan Endonezi leve alèt sounami yo lanse pou rejyon ki twouve yo nan loseyan endyen an, swa kèk èdtan apre yon tranblemannetè 8,6 te finn frape kot nòdwès Endonezi.

Episant Goudou-Goudou a twouve l sou yon distans 430 kilomèt nan sidwès Banda Aceh, ki se kapital pwovensyal e pi gwo vil nan pwovens Aceh.

Tranblemanntè a genyen yon pwofondè 22 kilomèt. Nouvèl yo pa rapòte okenn viktim, sepandan rezidan nan zonn Aceh a kouri pran lari pa bann e pa pakèt.
XS
SM
MD
LG