Accessibility links

Breaking News

Etazini-Eleksyon: Me. Romney Kontinye Chèche Nominasyon Pati Repibliken an


Ansyen gouvènè eta Massachusetts la, Mitt Romney, ki espere ranpòte envestiti pati Repibliken an kapab santre atansyonn sou Prezidan Barack Obama yon jou apre rival repibliken l, Rick Santorum, abandone kous la.

Mesye Romney ki gen toujou 2 lòt advèsè ki byen lwen dèyè do l , sou wout pou l tounen reprezantan pati Repibliken an ki pral gen pou konbat Prezidan Obama, yon demokrat , nan eleksyon prezidansyèl mwa novanm nan .

Dènye sondaj dopinyon yo montre mesye Romney gen travay pou l fè toujou. Sondaj sa a ke Washington Post ak ABC reyalize , endike Prezidan Obama ap mennen sou ansyen gouvènè eta Massachusetts la 51 a 44 pousan malgre kè sote ki genyen sou zafè ekonomi peyi a .

Prezidan Obama ap prezan nan yon maraton nan Washington, pandan mesye Romney ap chèche sipò moun nan Connecticut ak Rhode Island. Prensipal rival Romney nan kous pou nominasyon Pati Repibliken an , ansyen senatè Rick Santorum, mete fen nan kous la yon semèn apre l te pèdi 3 eleksyon primè yo devan Romney .

Santorum t ap chèche ranpòte primè 24 avril yo lakay li nan Pensylvani . Sepandan dènye sondaj yo montre li ta pral pèdi. Mesye Santorum fè anons sa a yon jou apre pitit fi l Bella soti lopital kote li t ap resevwa tretman pou yon pwoblèm jenetik.
XS
SM
MD
LG