Accessibility links

Breaking News

Rankont Prezidan Obama ak Prezidan Brezil la, Dilma Rousseff, nan La Mezon Blanch


Prezidan ameriken an, Barack Obama, deklare gen anpil pwogrè ki fèt nan relasyon ant Brezil ak Lèzetazini menmsi, daprè li, gen plis travay ki rete pou fèt. Prezidan Obama pale konsa apre yon rankont nan Biwo Oval Mezon Blanch la avèk Prezidan Brezil la, Dilma Rousseff. Rankont sa a te santre sou relasyon komèsyal e ekonomik 2 peyi yo, san bliye gwo dosye entènasyonal yo --pami yo genyen ekonomi mondyal la. Prezidan Rousseff vini Washington anviwon yon lane apre Prezidan Obama te vizite Brezil.

Brezil, ki se 6e pi gwo ekonomi nan lemond, genyen gwo rezèv petwòl e li genyen yon klas mwayèn kap pran ekstansyon. Brezil ap egzèse chak jou yon wòl lidèchip ki pi enpòtan nan kesyon entènasyonal yo –tankou, pa egzanp, wòl li nan òganizasyon gwoup 20 ekonomi endistriyalize yo ak sila ki sou wout devlopman yo. Pami lòt gwo kesyon 2 lidè te abòde, gen komès, envestisman nan teknoloji ak inovasyon, enèji altènativ, pwogram edikasyon ant 2 peyi yo ---tankou bous pou etidyan brezilyen kapab frekante inivèsite ameriken yo.

Prezidan Obama mete aksan sou pwogrè sosyal ki fèt o Brezil, yon peyi ki genyen yon vwa ki pi enpòtan konnye a nan zafè mondyal yo.

Prezidan Obama di :
"Brezil sòti nan diktati pou l antre nan demokrasi ; li anrejstre yon kwasans ekstrawòdinè, li retire plizyè milyon moun nan lamizè e li tounen non sèlman yon lidè rejyonal, men yon lidè mondyal."

Prezidan Obama konsidere Brezil kòm yon lidè nan domèn pwodiksyon biyo-dizèl e li di se posib pou Lèzetazini vin yon gwo kliyan pou jeyan sid-ameriken an. Prezidan Rousseff konsidere endistri petwòl la kòm yon gwo opòtinite pou ko-operasyon ant 2 peyi yo. Lidè brezilyen an presize li-menm ak Prezidan Obama te abòde tou sitiyasyon finansye mondyal la, tankou demach kap fèt an Ewòp pou estabilize kriz dèt la sou kontinan an.

Madam Rousseff di :
"Pandan reyinyon nou, nou kouvri tou e nou pale de kè-sote nou konsènan kriz ekonomik entènasyonal la ki debouche sou enstabilite, yon kwasans ki bese ak chomaj nan plizyè rejyon nan lemond."

Prezidan Rousseff di li fè Prezidan Obama konnen kè-sote li konsènan politik monetè yon peyi ki genyen move konsekans sou lòt peyi -- daprè li, sa kapab debouche sou depresyasyon lajan peyi devlope yo epi anpeche kwasans nan peyi ki sou wout devlopman yo.

Pòtpawòl Mezon Blanch, Jay Carney, pat kapab di jounalis yo imedyatman kijan Prezidan Obama te reponn lidè brezilyen an sou kesyon politik monetè a. Brezil ak Lèzetazini genyen dezakò sou kèk domèn, tankou komès mondyal la, tarif ak aksè sou mache 2 peyi yo. Jiskaprezan yon akò sou mache lib ant 2 peyi yo rete bloke, san aplikasyon pratik.
XS
SM
MD
LG