Accessibility links

Breaking News

Dispozisyon Kont Kolera Pandan Sezon Lapli a


Direktè jeneral sante piblik la ann Ayiti, Doktè Gabriel Timothée, fè konnen otorite lasante yo pran yon seri dispozisyon pou yo anpeche epidemi kolera pran jarèt pandan sezon lapli a.

An menm tan tou, Doktè Timothée lanse apèl bay popilasyon an pou mande l kontinye obsève konsèy travayè lasante yo pa sispann bay depi yo te dekouvri maladi a nan peyi a.

Yon lòt kote, Vizyon sou Lemond (World Vision) te voye yon delegasyon nan vil Okay, nan wikenn nan, pou fè distribisyon kit manje ak pwodui ijyenik pou plis pase mil 200 timoun.
XS
SM
MD
LG