Accessibility links

Breaking News

Manifestasyon Anti-Gouvènmantal nan Pòtoprens ak Kap Ayisyen


Nan okazyon anivèsè Lanmò Lanprè Jean Jacques Dessalines, jedi 17 oktòb 2013 la, patizan opozisyon an, manm sendika ak militan kap defann dwa moun, antwòt, pran lari nan Pòtoprens ak Kap Ayisyen pou yo denonse sa yo rele « move jesyon peyi a » sou administrasyon Martelly-Lamothe la.

Kèk manifestan t ap chante slogan ki mande demisyon Prezidan Michel Martelly. Nan vil Okap, mouvman pwotestasyon an te fini ak yon konfwontasyon ant manifestan ak lapolis.

Sou dosye sa a, nou pwopoze w koute 2 repòtaj : youn ak korespondan nou nan Pòtoprens, Rotchild François Junior, epi lòt la ak Yvan Martin Jasmin ki nan vil Kap Ayisyen .
XS
SM
MD
LG