Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Repiblik Dominikèn : Manifestasyon nan New York devan Konsila Dominiken an


Haiti Border Control
Haiti Border Control
Kominote ayisyèn nan nan New York (sou konvokasyon Òganizasyon Dyaspora Ayisyen pou Dwa Sivik ak Dwazimen, plis kèk lòt òganizasyon) ap manifeste devan konsila jeneral Repiblik Dominikèn nan nan vil la, nan jounen jedi 17 oktòb la, pou li denonse yon desizyon tribinal konstitisyonèl dominiken an pran pou l wete nasyonalite plizyè santèn milye dominiken ki se pitit oubyen pitit-pitit etranje ki tap viv ilegalman nan peyi a Desizyon tribinal konstitisyonèl dominiken an adopte sa pa gen lontan, elimine nasyonalite tout dominiken ki te pran nesans sou tèritwa dominiken an ant 1929 rive jounen jodi a, si paran yo te etranje ki te nan sitiyasyon ilegal. Nouvo Lwa sa a –ke tribinal la ta adopte an 2010- afekte plizyè santèn milye dominiken ; men majorite viktim yo se desandan ayisyen.

Plizyè òganizasyon kap defann dwa ayisyen yo an Repiblik Dominikèn manifeste an plizyè okazyon devan tribinal la pou yo denonse karaktè diskrimatwa desizyon an. Nan kòmansman semèn nan, yon gwoup moun ki pa dakò ak lwa a, te chache gate yon diskou prezidan dominiken an, Danilo Medina, tap fè nan Santo Domingo, pou yo montre volonte yo pou yo denonse aksyon otorite lajistis dominiken yo.
An Ayiti, pati politik yo, gwoup defans dwazimen ak lòt òganizasyon kap defann dwa ayisyen kap viv an Repiblik Dominiken, te pwoteste devan anbasad dominiken an pou yo manifeste mekontantman yo kont desizyon tribinal la ke yo konsidere kom yon desizyon kip a an akò ak prensip dwa moun. Nan okazyon an, yon delegasyon militan te remèt anbasadè dominiken an nan Pòtoprens, Ruben Silie, yon lèt pwotestasyon kote yo fè konnen pozisyon yo konsènan desizyon an.

Gouvènman ayisyen an te raple, pou konsiltasyon, anbasadè Ayiti a an Repiblik Dominikèn, Fritz Cineas. Apre sa, Ministè Afè Etranjè ayisyen an te pibliye yon deklarasyon kote li di li regrèt desizyon tribinal la ki afekte plizyè santèn milye dominiken dorijin ayisyèn. Ajans Nasyon Zini kap defann dwa Refijye yo kondane desizyon an.

Yon delegasyon senatè ak depite ayisyen te ale an Repiblik Dominikèn pou yo rankontre ak tokay dominiken yo epi anvizaje yon mwayen ki ta ka pèmèt otorite yo evite aplikasyon desizyon tribinal konstitisyonèl la. Desizyon an fè enstitisyon elektoral Repiblik Dominikèn nan obligasyon pou l wete sou rejis elektoral la non tout sitwayen dominiken ki gen etranje ilegal kòm papa ou manman, oubyen tou lè 2.
Prezidan dominiken an, Danilo Medina --ki, li menm tou pa dakò ak desizyon an-- di nouvo lwa sa a pa kapab gen efè retro-aktif ; men otorite lajistis yo ta dwe aplike li pou etranje ki pran nesans nan peyi a apre amandman konsititisyon peyi a ki te antre an vigè nan lane 2010.

Pami efè negatif desizyon tribinal ka gen sou dominiken konsène yo, sè ke l ap anpeche sitwayen ki gen paran ilegal etidye, achte byen imobilye e menm fè yon seri tranzaksyon akoz yo pa gen dokiman ki prouve yo se dominiken. Plizyè group militan di y ap kontinye manifeste e denonse desizyon sa a, jiskaske yo va jwenn satisfaksyon. Kèk lòt gwoup gen plan pou yo pote plent devan tribinal entè-ameriken dwazimen an nan kad efò yap fè pou yo fòse otorite dominiken yo kase desizyon tribinal la, paske anpil sektè konsidere li kòm yon desizyon ki pa respekte dwa kretyen vivan.

Kant a pou manifestasyon kap dewoule jedi aprè-midi devan konsila jeneral Repiblik Dominikèn nan Manhattan, New York, òganizatè yo espere prezans yo devan misyon konsilè a kapab atire atansyon otorite dominiken yo sou nesesite pou yo kanpe sou desizyon tribinal la. An touka, se espwa Valerio Saint Louis, youn pami òganizatè sa yo ki reponn kesyon Jacquelin Bélizaire.

Klike sou « koute » pou w swiv yon entèvyou Jacquelin fè avèk Misye Saint-Louis.
XS
SM
MD
LG