Accessibility links

Breaking News

Jedi 17 Oktòb 2013 : 207èm Anivèsè Asasina Lanprè Jean Jacques Dessalines


17 oktòb 2013 la fè 207 lane depi Lanprè Jan Jak Desalin, fondatè nasyon ayisyèn nan, te mouri ansasinen nan Pon Wouj, antre nò vil Pòtoprens.

Depi plizyè dizèn dane deja, jounen sa a se yon jou konje nasyonal pèp ayisyen an konsakre pou l reflechi sou eritaj ewo nasyonal yo an jeneral, e Lanprè Desalin an patikilye, kite pou li : yon tèritwa nasyonal, yon drapo, yon sitwayènte, yon kilti, yon sivilizasyon ki fè yon Ayisyen pa sanble ak sitwayen okenn lòt peyi.

Nan okazyon 207èm anivèsè krim Pon Wouj la, Prezidan Michel Martelly ak lòt ofisyèl gouvènman an ap patisipe nan yon seri aktivite kap make jounen konje sa a –pami yo, gen yon seremoni relijye ak deplasman lidè ayisyen an nan Grand Rivyè di Nò, kote Lanprè Desalin te pran nesans.

Seremoni gen pou dewoule tou nan vil Marchand Dessalines, nan Depatman Latibonit, kote fondatè nasyon an te tabli katye jeneral li.

Klike sou « Koute » pou w swiv yon korespondans Clarens Renois kap reponn kesyon Jean Robert Philippe sou lòt pwen kap domine aktyalite a ann Ayiti.
XS
SM
MD
LG