Ann Ayiti, sena a sanble poko pral fè deba sou rapò yon komisyon dankèt prepare sou dosye Premye Minis deziye a, Laurent Lamothe.
Prensipal misyon komisyon an, sete chache konnen si Misye Lamothe ranpli kondisyon konstitisyon an fikse pou yon moun okipe plas Chèf Gouvènman an.
Gen omwen 2 rezon ki fè vòt la pap prese fèt: 1).- Genyen kèk manm komisyon an ki pa siyen rapò a; 2).- Anpil palmantè kite Pòtoprens pou y al pase Semèn Sent la nan sikonskripsyon yo.
Yon lòt kote, daprè yon kominike ki sòti nan biwo prezidans la nan Pòtoprens, Prezidan Michel Martelly kite Ayiti mèkredi pou Miami kote li pral sibi yon operasyon chiriikal nan zepòl dwat li. Kominike a raple, sa gen kèk mwa, Chèf Leta ayisyen an te sibi menm kalte operasyon an nan zepòl goch li.