Accessibility links

Breaking News

Dènye Nouvèl sou Dosye Premye Minis Deziye a nan Sena a


Senatè Mélius Hyppolite, ki pale ak Lawadlamerik, fè konnen komisyon senatoryal k ap etidye dosye Premye Minis Deziye a, Laurent Lamothe, kapab remèt rapò li devan Gran Kò a lendi 2 avril 2012 la aprè yon dènye revizyon ki fikse menm lendi a.

Misyon komisyon an se chache konnen si Misye Lamothe satisfè tout kondisyon konstitisyon an poze pou yon moun okipe pòs Chèf Gguvènman an ; e youn nan kondisyon sa yo, se pou kandida a pat janm pran nasyonalite yon lòt peyi.

Klike sou link ki anba e agoch la pou w koute yon repòtaj Rotchild François Jr.
XS
SM
MD
LG