Accessibility links

Breaking News

Meksik Ekstrade yon Gwo Dilè Dwòg Ozetazini


Gouvènman meksiken an ekstrade Ozetazini Jesus Zambada pou l reponn akizasyon deske li ta fè kokayin ki vo plizyè milya dola antre sou tèritwa ameriken an.

Mèkredi 4 avril 2012 la, otorite meksiken yo mete Zambada abò yon avyon ki ta prale New York; lapolis te arete misye an 2008.

Responsab ameriken yo di akize a ak katèl dwòg Sinaloa a (yon katèl dwòg ki puisan anpil) ta fè antre an kachèt Ozetazini anviwon 120 tòn kokayin -- dwòg ki ta vo 10 milya dola.
XS
SM
MD
LG