Accessibility links

Breaking News

Negosyasyon yo ap Kontinye Pou Leve Fèmti Pasyèl Gouvènman Federal La


Yon akò ant lidè demokrat ak lidè repibliken yo pou relouvri gouvènman ameriken an e evite pou Etazini pase pou “delenkan” si l pa ka peye dèt li ap pran fòm nan sena a, nan moman fèmti pasyèl gouvènman an antre nan 3 zyèm semèn ni.

2 pati yo kapab jwen anvan lontan pou Etazini soti nan enpass fiskal li ye jounen jodi a dapre lidè majorite nan sena a, Harry Reid.

Senatè Reid deklare : “nou fè bon jan pwogrè. Men nou pako rive kote nou dwe rive a. E tout moun oblije pran pasyans."

Lidè repibliken nan sena a, senatè Mitch McConnell, dakò pou l di "2 jou negosyasyon yo pote rezilta".

"Nou te gen yon bon jounen dimanch e nou te gen yon lòt bon jounen lendi . Mwen panse li kòrèk pou nou di nou fè kèk bon jan pwogrè."

Nouvèl yo rapòte akò y ap anvizaje a ta kapab pèmèt Kongrè a debloke lajan pou finanse aktivite gouvènman federal la pou jis mitan mwa janvye e li ka ogmante planfon lajan peyi a ka prete pou jis mwa fevriye, epi prepare teren-an pou negosyasyon bilateral sou bidjè a kòmanse a pati kounye a pou rive jis nan mitan mwa desanm, nan lespwa negosyasyon sa yo ka pwodwi yon nouvo akò sou plizyè kesyon fiskal.

Demokrat yo gen plis konfyans yo ka evite pou Etazini tonbe nan « delankans », sètadi tonbe nan sitiasyon kote li pa kapab onore obligasyon finansye li e peye dèt li.
XS
SM
MD
LG