Accessibility links

Breaking News

Tranblemanntè nan Filipinn. Bilan Pwovizwa; Omwen 32 Moun


Yon gwo tranblemanntè frappe yon zòn touristic popilè nan sant Filipinn. Bilan: 32 moun pou pi piti pèdi lavi yo e plizyè bilding istorik efondre e kraze.

Tranblemanntè sa a ki te mezire 7,2 sou echél riktè a frape byen bone madi 13 oktòb la sant achipèl la. Panik te pran ni rezidan yo ni vizitè ki kouri kite kay yo ak antrepriz yo pou pran lari.

Yon pòtpawòl ministè defans la di pifò moun ki mouri yo se nan pwovens Cebu rejyon ki gen pi bèl plaj peyi a. Li ajoute gen kèk lòt moun ki mouri nan katye Bohol ak sou zile Siquijor. Yo atann aske kantite moun ki mouri yo ogmante.
XS
SM
MD
LG