Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Eleksyon : Plis Apèl Pou Prezidan Martelly Konvoke Depite yo


Ann Ayiti, plizyè sektè kontinye lanse apèl pou yo mande pouvwa ekzektif la konvoke depite yo –ki an vakans kounye a-pou yon sesyon ekstrawòdinè kote yap gen pou vote sou pwojè-lwa elektoral modifye sena a te apwouve a. Daprè lalwa, 2 chanm yo dwe apwouve yn menm vèsyon pou pwojè-lwa a tounen yon lwa.

Daprè pre-kalandriye CT-CEP a (Kolèj Tranzitwa Konsèy Elektoral la) te pibliye a, pandan semèn ki fini dimanch 13 oktòb 2013 la, jounalis ki vle al kouvri eleksyon yo te gen pou yo enskri nan CT-CEP a pou yo kapab genyen kat akreditasyon kap ba yo aksè (antre-sòti) nan biwo vòt yo epi chache enfòmasyon nan men otorite elektoral yo.

Pandan semèn 13-21 oktòb la, se tou pa moun ki ta vle tounen manm BED ak BEK pou yo poze kandidati yo nan katye jeneral konsèy elektoral la.

Kluike sou “Koute” pou plis detay avèk korespondan nou Clarens Renois, k ap reponn kesyon Jean Robert Philippe sou dosye electoral la ak lòt pwen kap domine aktyalite a ann Ayiti.
XS
SM
MD
LG