Accessibility links

Breaking News

Aksidan nan Tabarre - Yon Miray Tonbe. Bilan: 5 Moun Mouri


Nouvèl ki sòti ann Ayiti nan kòmansman jounen jedi 10 oktòb 2013 la, fè konnen yon miray ki tonbe sou yon tant nan zòn Tabarre, yon banlye Pòtoprens, touye 5 moun.

Otorite yo nan Biwo Pwoteksyon Sivil fè konnen sa ki lakoz aksidan sa a, se lapli ki tonbe san rete sou kapital la.

Yon lòt kote, 2 jenn gason pèdi lavi yo nan yon sibè-kafe nan Delma kote yo t ap dòmi ak tout pòt fèmen, alòske yon motè t ap degaje yon pwodui chimik mòtèl.

Klik sou “koute” pou w gen plis presizyon avèk korespondan nou Clarens Renois.
XS
SM
MD
LG