Accessibility links

Breaking News

Rankont Prezidan Obama ak Depite Repibliken yo sou Plafon Dèt Nasyonal la


Prezidan Barack Obama ap chache jwenn yon antant ak manm Kongrè a pou eseye rezoud 2 kriz ki gen pou wè ak fèmti pasyèl gouvènman an epi reta Sena a ak Chanm Depite a pran pou yo leve plafon dèt peyi a alòske delè yo genyen pou yo fè sa ap bout nan dat 17 Oktòb kap vini la a.

Se konsa, Misye Obama te envite, nan fen jounen mèkredi 9 oktòb la a nan Lamezon Blanch, manm demokrat Chanm Depite a nan kad efò lap fè pou l kòmanse yon dyalòg epi mete fen nan enpas ki lakoz gouvènman an fèmen pasyèlman depi 10 jou.

Lidè minorite nan Chanm Depite a, Nancy Pelosi, ki te pran lapawòl apre rankont la, di toujou gen divizyon ant Demokrat ak Repibliken nan Chanm dè Reprezantan an sou kesyon ogmantasyon san kondisyon dèt gouvènman an.

Madam Pelosi di : "Pa gen oken konsesyon k ap fèt sou plafon dèt la. Plafon dèt la dwe ogmante."

Prezidan Chanm dè Reprezantan an, Repibliken John Boehner, pa sispann mande Prezidan Obama negosye ak lidè repibliken yo sou plafon dèt la e li li pale de nesesite pou gouvènman an koupe sou depans li yo. Pou jounen jedi 10 oktòb la, Prezidan Obama envite nan Lamezon Blanch tou lè 232 depite repibliken ki nan Chanm Bas la pou yo fè chita-tande sou kriz bidjetè a. Men se sèlman 18 lidè repibliken ki reponn prezan, paske, dapre Pati Repibliken an, li pi fasil pou yon ti gwoup jwenn yon solisyon.

Fristrasyon ki sòti nan mank pwogrè nan negosyasyon yo, fè omonye Sena a, Barry Black, fache. Nan jounen Mèkredi a, Misye Black te atire atansyon sou sitiyasyon 26 fanmi ki gen pitit yo, frè yo oubyen mari yo mouri nan lagè pandan 10 jou depi gouvènman an fèmen e ki pa jwenn benefis lalwa prevwa pou yo.

Omonye Black, ki tap priye pou peyi a, te pale konsa ak Gran Mèt la :"Gran Mèt la, lè fèmti gouvènman federal la retade benefis pèman pou fanmi ki gen manm yo mouri sou chandbatay andeyò peyi a, li lè pou palmantè yo di « An n nou sispann atò ; Abraham di sètase. Ann kase fèy pou n kouvri wont sa a. "

Toujou nan jounen mèkredi a, Chanm dè Reprezantan an te vote 425 vwa pou e 0 kont pou apwouve yon rezolisyon kap retabli pèman benefis pou fanmi kote yon pitit, yon mari oubyen yon frè mouri nan lagè kap dewoule a letranje. Dabitid Lèzetazini peye chak fanmi 100 mil dola pou yon sòlda ki mouri nan lagè; e sa toujou fèt 3 jou aprè lanmò sòlda sa a.

Dènye nouvèl yo di palmantè ameriken yo ap anvizaje posiblite pou yo rebay otorizasyon pou peyi a prete lajan yon fason pou l pa tounen yon delenkan ki pa ka peye dèt li. Prezidan Chanm dè Reprezantan an, John Boehner, mande kòlèg repibliken li yo ki kontwole Chanm Bas la, apiye yon pwopozisyon-lwa ki pral mete sou plafon dèt la –ki deja rive nan nivo 17 trilyon 700 milya dola- yon ogmantasyon kap sifi pou Lèzetazini prete plis lajan ke sa ki nesesè pou l onore dèt li pandan 6 semèn k ap vini la yo.

N ap raple ke prensipal manm repibliken Chanm Depite a ale nan La Mezon Blanch, nan mitan jounen jedi 10 oktòb la, pou yo fè chita-tande ak Prezidan Obama sou plan ogmantasyon plafon dèt la.
XS
SM
MD
LG